Afganistan: Yon Atak Suisid sou Etranje Touye 12 Moun pou pi Piti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Yon kamikaz atake yon mini bus ki t ap transpòte etranje tou prè Kapital Afganistan an, Kaboul ; omwen 12 moun mouri.

La polis fè konnen omwen 9 travayè etranje avèk chofè yo ak 2 lòt afgan mouri nan eksplozyon ki fèt tou prè ayewopò Kaboul la.

Kamikaz la te eklate yon machin ki te chaje ak eksplozif tou prè mini-bus la sou otowout prensipal ki mennen nan ayewopò a.

Otorite afgan yo di etranje yo ki te gen pami-yo sud afriken avek russ tap travay pou yon konpayi prive ki baze nan ayewopò-a.

Gwoup rebel Hezbe islami an pran responsabilite pou atak sa a, li di li te itilize yon kamikaz fi kom revanj pou fim anti-islam nan.