Poko gen Antant ant Manm CSPJ yo sou Chwa Reprezantan yo nan Pwohen KEP a

Kat Jewografik Ayiti

Tòchon an kontinye boule ant manm CSPJ a sou reprezantan enstitisyon an nan pwochen Konsèy Elektoral a. 4 manm akize prezidan CSPJ a deske li fè chwa yo an absans yo ; manm sa yo fikse pozisyon yo sou afè a nan yon lèt tou louvri yo adrese prezidan CSPJ a, Mèt Arnel Alexis Joseph.

Nap raple Misye Joseph deja voye bay Prezidan peyi a, Michel Martelly, non 3 moun ki, daprè li, te resevwa benediksyon konsèy la pou reprezante li nan KEP ki pral fòme a.

Klike sou “koute” pou w tande yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.