Batay ant Gouvènman Siryen an ak Opozisyon an Kontinye fè Viktim

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Obsèvatè Nasyonzini yo pibliye kèk rezilta nan ankèt yo t ap mennen sou batay ki te pete semèn pase a nan vilaj siryen Treimsa. Nasyonzini fè konnen li pa sèten sou kantite moun ki pèdi la vi yo e ki blese nan atak la.

Obsèvatè yo di operasyon lame siyrènn nan te kòmanse avèk bonbadman epi yo te fouye kay. Rezidan yo di obsèvatè yo gen kèk gason ki mouri pandan fouy la. Gen lòt yo ale avèk yo.

Susan Ghosheh se yon pòtpawòl Nasyonzini, li pale pou l di sanble atak la te vize kèk gwoup byen detèmine dezètè lame a ak militan, sepandan Misyon sipèvizyon Nasyonzini an nan Siri a konfime te gen itilizasyon dirèk ou endirèk zam tankou atiyri ak revòlvè.

Nouvèl yo konfime lanmò pa bal Lidè lame Siri Lib la, Saleh al-Subai . Yon medsen ak 2 pitit li mouri lakay yo anba kout kanno.

Siri demanti nouvèl ki fè konnen ke sòlda li yo te itilize gwo zam lou avèk avyon nan vilaj –la semèn pase a.

Yon pòtpawòl ministè afè etranjè siryen an, Jihad Makdissi di operasyon militè nan vilaj la te vize konbatan ame yo:

"Sòlda gouvènman an pa janm sèvi ak avyon konba , elikoptè , tank kanon ak lòt gwo zam lou. Nou jwen zam sofistike ak otaj nan depo opozisyon an."

Pandansetan, La Kwa wouj entènasyonal di gen yon eta gè sivil atravè plizyè pati nan peyi Siri. Gwoup la te di anvan konfli sa yo egziste ant sòlda gouvènman an ak gwoup opozisyon yo nan zòn Homs, Hama ak Idlib ki nan pwoblèm.

Men pòtpawol Lakwa wou, Hicham Hassan, di dimanch 15 jiyè a, ostilite a gaye nan lòt pati nan peyi Siri. Militan ak rezidan yo di Damas se te sènn pi gwo batay ki te frape kapital la depi 16 mwa leve-kanpe kont gouvènman Bashar al Assad la.