Ejip: Doktè Deklare Hosni Mubarak Klinikman Mouri

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ansyen prezidan ejipsyen an, Hosni Mubarak

Nan peyi Lejipt, fòs sekirite yo fè konnen prezidan dechouke a Hosni Mubarak ki enkonsyan twouve l nan oksijèn apre yo te retire l rapidman nan prizon pou yo mete l nan yon lopital militè apre yon kriz tansyon.

Responsab militè yo di ke ansyen prezidan Mubarak twouve l nan lopital Madi nan sid vil Kèr e l ap viv gras ak yon respirasyon atifisyèl. Rapò ki te soti nan ajans nouvèl Leta a MENA te di doktè mesye Mubarak yo te deklare ansyen lidè a :"Klinikman mouri."

Gen anpil fanatik mesye Mubarak ki rasanble devan lopital la e yo di yap priye pou Bondye gen pitye pou li .