Apèl Etazini pou Kiba Lage yon Kontraktè Ameriken

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Depatman Deta ameriken lanse yon apèl bay peyi Kuba pou li lage imedyatman kontraktè ameriken Alan Gross paske dapre otorite amerikèn sante l ap deteryore e li pa menm ka mache.

Pòtpawòl Depatman deta Viktoria Nuland deklare reponsab La Avann yo te arete Gross sa gen plis pase 2 zan edmi e li pèdi 40 kilo pandan li nan prizon .

Kounye a li pa ka mache akoz yon pwoblèm artrit.