Lachinn Deside Ranfòse Alyans li ak Afganistan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan chinwa a Hu Jintao pran angajman jodi vandredi a pou ede Afganistan , san enterè pèsonèl .

Lidè chinwa a pran angajman sa a nan moman lidè 2 peyi dakò pou yo ogmante relasyon yo nan domèn komès, asistans, envestisman ak sekirite.

Nan yon rankont ki dewoule nan vil Peken, prezidan Hu Jintao di prezidan afgan an, Hamid Karzai, Lachinn dispoze kontinye founi asistans bay Afganistan.

Nan yon konferans 2 lidè yo bay ansanm , yo rejte e kondane teworism, ekstremis ak krim òganize.