Prezidan Chavez fè Premye Aparisyon Piblik li Depi Avril

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Venezuela al, Hugo Chavez, ki te al suiv tretman radiasyon pou kansè fè premye aparisyon piblik li depi mwa Avril la, samdi 2 jen an.

Li t ap resevwa Vis Premye Minis Byelarus la, Vladimir Semashko.

Yo te montre prezidan Chavez nan televizyon leta a; li t ap kite yon rankont avèk msye Semashko nan palè Miraflores la, nan Caracas.

2 diyitè yo te diskite sou yon vizit prezidan Byelarus la, Alexander Lukashenko nan peyi Venezuela ; vizit ki fikse pou pita mwa sa-a.