Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 4,2 Frape Sid Kalifòni


Yon bilding anba lavil Los Angeles, 5 Janvye 2024.
Yon bilding anba lavil Los Angeles, 5 Janvye 2024.

Yon tranblemanntè puisans 4,2 frape rejyon Sid eta Kalifòni Vandred 5 Janvye a.

Ajans Jeyolojik Etazini an di sekous la frape a 10:55 nan maten, lè Kalifòni.

Apre plizye revizyon yo te anonse sekous la te gen yon puisans 4,2. Li te santre ak yon distans 1,6 kilomèt ak Lytle Creek, ki sitye nan Montay San Gabriel yo ak yon distans 72 kilomèt ak Lòs Angeles.

Yon sekous konsa tipikman pa puisan ase pou koze gwo dega, e depatman Ponpye Lòs Angeles la di li pa resevwa okenn rapò ki di kòm kwa gen bilding oubyen enfrastrikti ki andomaje.

Sezmològ veteran Lucy Jones di tranbleman an rive nan Cajon Pass kote fay San Andreas ak San Jacinto yo rankontre.

XS
SM
MD
LG