Accessibility links

Breaking News

Wipip! Se pa ni Youn ni 2 Ameriken ki Pran Avyon Pou Fèt 4 Jiyè a


Pasaje kouri pou pran avyon nan ayewopo Entèkontinantal George Bush la nan vil Houston, Texas, 1 Jiyè 2022.
Pasaje kouri pou pran avyon nan ayewopo Entèkontinantal George Bush la nan vil Houston, Texas, 1 Jiyè 2022.

Fèt 4 Jiyè a Ozetazini bay prèv ke Ameriken reprann foli vwayaje kounyea ke pandemi ki te kòmanse an 2020 an diminye.

Nouvo chif ki fèk parèt montre gen 2.49 milyon pasaje ki te pase nan tchèk sekirite nan ayewopò Ameriken yo Vandredi. Chif sa a depare rekò ki te anrejistre semèn pase a, ki te 2.46 milyon.

Ogmantasyon sa a se dènye siy ki montre moun kap vwayaje pou pran plezi yo pa kite pri biyè yo ki ogmante ni kowonaviris la ki kontinye pwopaje, ni kè sote pou reta ak anilasyon vòl anpeche yo met deyò.

Yon lòt endikasyon se ke kantite pasaje ayewopò Ameriken yo anrejistre nan semèn ki pase yo prèske rive nan nivo yo te anrejistre an 2019.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG