18 novanm 1803- 18 novanm 2018 la raple 215 lane Batay Vètyè a ki se youn nan pi gwo lese frape lame endijèn nan ak lame fransèz la e ki se tou youn nan batay ki te debouche sou endepandans peyi Dayiti premye janvye 1804.
Jounen 18 novanm 2018 la te kòmanse anpil kote sitou nan Pòtoprens trè kalm. Prezidan Jovenel Moïse akonpaye ak Madanm li premyè dam nan Martine Moïse, ak Premye minis Jean Henry Céant e prezidan Sena a te depoze yon jèb flè nan pye ewo endepandans yo sou Chann Mas, yon aktivite ki toujou dewoule devan MUPANAH nan okazyon sa yo.
Sepandan, nan moman ofisyèl yo tap resevwa onè militè ak fanfa Palè Nasyonal, gen yon gwoup manifestan ki te ozalantou e ki tap tire toya sou gouvènman an. Anvan midi kawochou te gentan ap boule nan plizyè ri nan kapital la, dapre korespondan Lavwadlamerik, Matiado Vilmé, Renan Toussaint ak Yves Manuel.
Sou wout Delmas moun te kapab wè plizyè 100 tèn manifestan kap monte nan zòn Delmas 33 ak pankat e drapo nwa-e-wouj nan men yo. Kèk manifestan, ki te pale nan mikwo Matiado Vilmé, mande demisyon Prezidan Jovenel Moïse yo fè konnen ki pa regle anyen pou pèp la.
Apre seremoni devan MUPANAH a, Prezidan Jovenel Moïse delivre yon mesaj devan nasyon ayisyèn nan kote li mande tout ayisyen pou kiltive espri Vètyè a yon fason pou yo kapab rive kase chèn sou-devlopman.
Lokatè Palè Nasyonal la pale tou nan diskou li a de yon ti gwoup monopoli ki anpeche peyi a avanse. Prezidan Jovenel Moïse di, "Misyon nou se kase chen sou-devlopman. Chen sou-devlopmam makonen ak monopol nan avantaj yon ti gwoup ki fè lamize ap fleri."
Lòt enfòmasyon ta fè kwè gen omwen 2 moun ki mouri nan ensidan ki rive nan manifestasyon 18 novanm 2018 yo atravè peyi a. Direktè Jeneral Polis la Michael Ange Gedeon ki tap pale nan laprès fè konnen moun ki mouri yo pa ta viktim anba men lapolis. Toufwa DG PNH la di enspeksyon jeneral polis la ap depeche yon enkip pou ankete sou ka sa yo si tout fwa ta gen polisye ki enplike nan ensidan yo. Youn nan viktim yo ta sanble pèdi lavi li nan Pòtoprens e lòt la nan nò peyi a.
Premye Minis Jean Henry Céant ki di li te siyone lari a pandan dewoulman manifestasyon anti-gouvènman ak sou dosye Petro Caribe, ebyen chèf Primati a felisite lapolis pou pwofesyonalism li pandan jounen manifestasyon an.
Lapolis ki nan moman jounen komemorasyon sa yo ki konn konsantre li plis sou sekirite atravè dewoulman seremoni ofisyèl yo, ebyen sè dènye jou oblije devlope yon estrateji epi double vijilans li akoz derapaj ki konn rive nan manifestasyon nan jou espesyal sa yo.
Menm jan ak 17 oktòb pase a, ki raple lanmò Anperè Jean Jacques Dessalines, fondatè nasyon ayisyèn nan, plizyè gwoup nan klas politik la kap mande limyè sou dosye Petro Caribe ak lòt kap reklame antwout depa Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a te manifeste atravè peyi a.
Branch opozisyon politik ki gen alatèt li Avoka Andre Michel, fè konnen gen anviwon 7 moun ki mouri nan manifestasyon 17 oktòb yo nan Pòtoprens, yon enfòmansyon lapolis di li pa verifye.