2 avyon bonbadye B-1, ki baze sou zile Gwam, ak 4 avyon konba F-35, ki baze o Japon, patisipe nan kèk egzèsis sou Preksil Kore a.
Lèzetazini ak alye li yo reponn yon fwa ankò aprè yon menas misil Kore di Nò. Sepandan fwa sa a repons la te gen ladan n yon egzèsis ki dewoule ak itilizasyon zam an dirèk.
2 avyon bonbadye B-1 ki baze sou zile Gwam, avèk 4 avyon konba F-35 ki baze o Japon, te patisipe nan egzèsi sa yo ki dire 10 zèdtan nan kad yon demonstrasyon de fòs ki dewoule sou Preksil Kore a.
Demonstrasyon de fòs sa a fèt 2 jou apre Kore di Nò te tire yon misil pòte entèmedyè ki te travèse tèritwa japonè a epi yon jou aprè la marin de gè Lèzetazini te anonse konbatan li yo rive desann avèk siksè yon misil balistik mwayèn pòte nan kad yon egzèsis-tès ki dewoule tou prè kòt Eta Awayi nan Ozeyan Pasifik la.