Yon tire pete nan lokal YouTube la madi 3 avril 2018 nan Kalifòni kote yo lapolis te oblije evakye anplwaye konpayi a. Otorite nan vil la te pran kontwòl gen kontwòl sitiyasyon an byen vit kote yo fè konnen yon fi yo konsidere kòm sispèk la ta mouri nan ensidan an e se li ki tire tèt li.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, felisite lapolis San Bruno, eta Kalifòni ki pat pran tan pou rive sou lye ensidan nan lokal YouTube la nan San Bruno, Kalifòni kote yo te anrejistre kout zam ki tap tire pandan mitan jounen 3 avril la. Lapolis fè konnen sispèk la ki se yon fi ta tire tèt li e li mouri. Otorite yo poko di si se yon atak teworis. Poko gen twòp detay tou sou sispèk la ki mouri nan ensidan an.