Prezidan Donald Trump rejte nouvèl ki di li itilize pawòl sal pou l trete ayisyen, salvadoryen ak afriken pandan yon rankont li te fè ak manm kongrè a sou imigrasyon nan lamezon blanch yè jedi-a.
Prezidan Donald Trump ekri sou kont twitter vandredi 12 janvye 2018 la pou l nye pawòl k ap pale kòm kwa li te itilize yon langaj vulgèr pou l dekri peyi afriken ak Ayiti. Deklarasyon sa a fèt yon jou apre plizyè medya ameriken te rapòte msye Trump te itilize pawòl ki sal anpil pou l dekri ayisyen ak peyi Afriken yo pandan yon rankont sou imigrasyon ak palmantè tou 2 pati yo.
Prezidan Trump rekonèt langaj li te itilize pandan rankont sou DACA a te du anpil , men se pat mo sa a li te itilize. Prezidan an di li te konsidere kòm yon demach ki pral echwe pwopozisyon palmantè yo te fè sou dosye gwoup moun rele revè yo
Nan yon lòt tweet prezidan an di li pa janm di oken pawòl piman bouk ki vekse pèp ayisyen an sèlman li site te site non Ayiti pito kòm peyi ki nan lamizè e ki chaje ak pwoblèm. Lidè ameriken an presize li gen bon jan relasyon ak ayisyen yo e li sijere pou yo anrejistre sou tep tout rankont li pral fè dan lavni.
Sepandan nouvèl yo rapòte Palmantè ameriken yo te pran yon sezisman deske yo te tande lokatè mezon blanch la kap itilize pawòl sal pou l pale de ayisyen, Salvadoryen ak sitwayen afriken nan kad dosye imigrasyon an. Medya ameriken yo tankou the Washington Post, the New York Times ak CNN site prezidan an ki ta deklare Etazini dwe pèmèt sitwayen ki soti nan peyi tankou Nòvèj antre Ozetazini. Medya yo site prezidan an ki ta deklare pou ki rezon pou n kite moun sa yo ki soti nan yon pey kote genyen anpil salte.
Direktè egzekitif Enstiti pou Jjistis ak Demokrasi an Ayiti e ki baze nan vil Boston Brian Concannon deklare sou lavwa Dlamerik li fache kont sa l konsidere kòm yon ensilt pou pèp ayisyen an. Fason prezidan Trump dekri Ayiti tankou yon trou kote yo lage fatra, e se pa yon bon deskripsyon.
Oganizasyon pou Avansman Nwa yo NAACP pibliye yon deklarasyon pou l di pozisyon Etazini sou planèt la sibi yon domaj ak deklarasyon rasis prezidan an kontinye ap fè yo. Ansyen prezidan Meksiken Vicente Fox deklare sou kont Twitter di bouch prezidan Trump se bouch ki pi santi sou planèt la. Eske w bliye Etazini te bati sou divèsite.
Depite Florid Repibliken Ileana Ros Letinen deklare li enkonprehansib pou pawòl sa yo soti nan bouch prezidan an ameriken an, yon peyi ki te fonde pou l fonksyone san diskriminasyon epi trete moun san paspouki, dekwa pou moun kapab viv sou tè sa a antout libète. Se yon prezidan ki abitye fè deklarasyon teribe rasis.
Ilham Omar premye sitwayen dorijin Somali ki te eli nan palman Minesota a pibliye yon deklarasyon pou l di li pa santi okenn lawonte konsènan peyi orijinn li ki se yon peyi afriken.
Bò kote pa l Depite repibliken Mia Love, yon ayisyèn-amerikèn ki reprezante Utah nan Kongrè a, di konpòtan prezidan an inakseptab e li mande pou prezidan Trump prezante ekskiz li , bay pèp ayisyen an. Lamezon Blanch fè soti yon deklarasyon jedi 11 janvye a pou di kèk politisyen nan Washington chwazi pou lite pou peyi etranje , aloske prezidan Trump ap toujou lite pou pèp ameriken an.
Senatè Repibliken Arizona Jeff Flake deklare sou kont twitter li zansèt li yo soti nan peyi ki pat rich tankou peyi n ap viv jounen jodi a. Senatè Demokrat Kamala Harris di nan yon tweet imigran ki soti nan tout peyi sou planèt la, pami yo sak soti ann Ayiti ak tout kote ann Afrik pote anpil kontribusyon pou ede bati Etazini. Yo dwe akeyi yo byen voye yon kout chapo yo olye pou mioun ap ensilte.
Depite Louizan Cedric Richmond ki se prezidan Black Caucus nan Kongrè a di kòmantè prezidan Trump la se yon lòt siy ki montre ensansibilite rasyal ak pwen-d-vu iyoran li genyen. Minis Jistis Washington DC Karl A Racine deklare mwen fyè pou mwen se yon sitwayen ayisyen—ameriken e map kontinye batay pou diyite ak sekirite chak manm imigran k ap vinn nan kominote a.
Prezidan ameriken an Donald Trump pote demanti sou moun ou byen sektè ki di li se yon rasis.