Sekretè Deta Ameriken an Rex Tillerson wete 1 jou sou longè vwayaj yon toune li t ap fè sou kontinan Afriken an apre li fin rankontre ak ofisyèl ak lidè yo nan peyi Chad ak Nijerya.
Sa ki eksplike desizyon an se ijans ki genyen pou chèf diplomasi amerikèn nan diskite sou dosye Kore di Nò a apre Prezidan Trump fin aksepte fè yon rankont ak lidè peyi sa a, Kim Jun Un.