WASHINGTON, DC —
Depatman Deta a te anonse nan fen semèn pase a yon otorite ameriken, John J. Sullivan, te gen pou l ale Pòtoprens patisipe nan Rankont Entè-Sesyonèl KARIKOM nan. Pwogram vizit sa a te prevwa kèk rankont ak otorite Ayiti yo, tankou Prezidan Jovenel Moise, pa egzanp. Sepandan, daprè yon nòt anbasad amerikèn nan ann Ayiti pibliye, vwayaj Misye Sullivan nan ranvwaye. Lè Lavwadlamerik te mande si yon lòt otorite pral reprezante Etazini nan rankont KARIKOM nan, anbasad amerikèn nan di li pa atann li aske yon lòt ofisyèl fè deplasman an.