Gwoup militan al-Shabab revandike responsablite pou 2 atak ak oto pyeje nan Mogadisio lendi 13 mas 2017 la kote 6 moun pèdi lavi yo.
Temwen fè konnen premye bonm nan sote devan otèl Wehliye, yon etablisman ki gen anpil aktivite sou wout Maka-al-Mukarama. Anpil otorite nan gouvènman an, òm dafè ak kliyan ki soti nan diaspora a frekante otè Wehliye a prèske chak jou.
2èm eksplozyon an te vize yon baz militè nan kapital Somali a. Li touye yon moun.