Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken yo Savonnen Dirijan YouTube, TikTok, SnapChat Byen Savonnen


Foto Achiv: App pou Youtube a goch, ak Snapchat sou yon telefon potab nan Nouyok.
Foto Achiv: App pou Youtube a goch, ak Snapchat sou yon telefon potab nan Nouyok.

Senatè Ameriken yo savonnen responsab rezo sosyal YouTube, TikTok ak Snapchat byen savonnen jodia.

Responsab rezo sa yo te sètoblije reponn kestyon Sena Etazuni sou kisa y ap fè pou pwoteje sekirite timoun ki sèvi ak rezo yo.

Pandan rankont yon sou-komite Sena a k ap travay sou kestyon ki gen rapo ak komès, senatè yo te souliyen ke rezo sa yo koze maladi dijestif, yo ankouraje moun pran dwog, e yo pemèt moun pibliye kontni seksyèl ki vize jenès la.

"Pwoblèm nan klè: Gwo konpayi teknoloji yo vize timoun ak tinedjè yo pou fè lajan," Senatè Edward Markey, ki reprezante eta Massachusetts nan Sena a deklare.

Senatè yo mande dirijan konpayi tech yo tou pou yo apiye yon pwojè lwa y ap prepare pou pwoteje timoun yo sou rezo sosyo yo men gwo zouzoun yo pa vreman pran okenn angajman.

XS
SM
MD
LG