“Pandemi kowonaviris la ap pwopaje twò rapidman e atravè twòp rejyon Ozetazini pou responsab yo ta rive mete l anba kontwòl.” Se deklarasyon yon espesyalis fè nan jounen lendi 29 jen 2020 an, nan moman kèk eta ameriken atenn yon nivo rekò chak jou pou sa k konsènen kantite nouvo ka enfeksyon yo anrejistre.
Espesyalis ki pale konsa se Doktè Anne Schuchat k ap travay nan Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC). Li fè deklarasyon an nan yon entèvyou avèk Jounal Asosyasyon Medikal Ameriken an. Dr. Schouchat ajoute:
“Nap fè fas ak yon two gwò kantite viris atravè peyi a pou n ta ka kontwole maladi a kounyela a. Kidonk, se yon sitiyasyon ki trè dekourajan.”
Sepandan Dr. Schachut di li konsidere gwo ogmantasyon sa a nan kantite nouvo ka yo kòm yon senp kòmansman e, dapre li, otorite lasante yo pa rive idantifye nouvo ka yo rapidman ase, menm jan yo pa rive retrase kòmsadwa moun ki te gen kontak avèk nouvo kontamine yo. Li kontinye entèvyou a avèk deklarasyon sa a :
“Mwen panse te gen anpil moun nan peyi a ki te gentan gen twòp espwa twò vit ke tout bagay t ap byen pou grand vakans dete a. Yo te panse nou ta pral gen tan depase peryòd kowonaviris la. Ebyen! Nou poko menm kòmanse depase peryòd la. Gen anpil faktè ki kontinye bay kèsote lè n konsidere sa k rive pandan yon semen anviwon ki pase a.”
Doktè Anne Schouchat lanse bay popilasyon an yon apèl kote l mande moun yo pote kachne, kontinye pratike distansyasyon sosyal epi pou yo pa atann yo aske yo pral genyen yon soulajman avèk kowonaviris la toutotan poko genyen yon vaksen.
Administrasyon Trump la fè konnen se sèlman 4% nan tout rejyon peyi a ki anrejistre yon ogmantasyon nan kantite nouvo ka koronaviris yo. Sepandan, daprè ajans nouvèl Associated Press, pousantaj rejyon kote moun ki enfekte yo abite, reprezante 20% tout popilation amerikèn nan. Arizona, Kalifòni, Florid ak Tegzas twouve yo pami eta ki anrejistre pi gwo kantite ogmantasyon nan nouvo ka enfeksyon kowonaviris yo.