Nan yon entèvyou Rob Thayer, chèf Divisyon Manje pou Lapè nan USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal) bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, li pale de desizyon ajans la te pran sa pa gen lontan pou l ajoute sou asistans imanitè l ap voye bay Ayiti sitou nan moman anpil faktè (tankou sechrès, mizè ak vyolans politik) mete ansanm pou kreye yon kriz imanitè grav nan peyi a. Misye Thayer di, antwòt:
« Gen yon kriz politik e ekonomik k ap devlope depi petèt kòmansman mwa septanm nan; e sa pa gen lontan nou te vin detèmine ke konsekans kriz politik e ekonomik sa a pral kreye gwo difikilte pami ayisyen ki pòv yo pou sa ki konsène sekirite alimantè. Alòske nou te deja envesti anviwon 20 milyon dola nan zafè manje dijans ann Ayiti pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, lè nou konsidere sikonstans aktyèl yo -espesyalman sekirite moun yo, restriksyon pou manje ak lot pwovizyon sikile, ogmantasyon kriz alimantè a, enposiblite pou plantè ak elvè nan zòn riral yo transpòte pwodiksyon yo nan vil yo-- tou sa pwovoke plis bezwen dijans pou manje. Poutèt sa, sa pa gen lontan, nou te pran desizyon pou n pran yon pati nan sa nou genyen nan stòk nou e, an kolaborasyon avèk youn nan patnè nou yo (an palan de Ajans Nasyon Zini Pwogram Alimantè Mondyal), nou deside pre-pozisyone nan divès rejyon ann Ayiti 3 mil 500 tòn metrik manje. Ansuit, toujou baze sou sikonstans aktyèl yo, nan fen semèn pase a direktè nou an deside wete yon afè de 2 mil tòn metrik nan stòk dijans nou an. Alos, pou le moman n ap travay avèk patnè nou (Pwogram Alimantè Mondyal) e avèk lòt ankò sou plan pou n distribiye diplis sa a n ap voye bay Ayiti a. »
Kesyon : Eske ou ka di nou si 2èm pati nan èd dijans Ayiti pral jwenn nan, se yon repons pou demand administrasyon Prezidan Jovenel Moise la te soumèt devan gouvènman ameriken an pou asistans alimantè ?
Repons : « Gen 2 bagay la a. Dabò mwen ta renmen pote yon klarifikasyon e di nou genyen an jeneral 3 mil 500 tòn metrik manje nan peyi a nan kad Pwogram Manje pou Lapè. Manje sa a la pou fenomèn tankou siklòn ak lòt ka ki mande entèvansyon dijans. Alòs, nan stòk sa a n ap pran 2 mil tòn e n ap kite la mil 500 tòn k ap toujou disponib pou sizoka ta genyen yon siklòn oubyen lòt rezon ki jistifye itilizasyon yo nan lavni. Tou sa vini an plis asistans ke USAID ap bay Ayiti regilyèman depi plizyè lane dejà. Sa se pou premye pati kesyon w lan.
2èmman, ou pale de yon demand ki ta sòti bò kote gouvènman asiyen an. Ebyen, se vre. Anbasad nou nan Pòtoprens konfime pou nou gen yon rekèt gouvènman ayisyen an fè pou asistans imanitè e asistans manje tou patikilyèman. Li enpòtan pou nou konnen ke gouvènman yon peyi konsène fè demand pou asistans nou e li pare pou l byen resevwa asistans la. Alòs, wi; nou gen konfimasyon pou sa e nou fè konnen nou resevwa demand la.
Kesyon pou konnen èske nou pral bay plis asistans la, depann de evalyasyon ki fèt sou teren an, tankou m di sa dejà. Alòs, nou apresye le fèt ke yo fè nou konnen otorite yo gen bòn dispozisyon pou yo resevwa èd nou. Natirèlman se yon bagay ki nesesè nan ka tout peyi souvren, e li enpòtan pou mwen di nou toujou bay yon repons ki baze sou jistifikasyon pou èd imanitè a avèk evalyasyon ki montre gen bezwen imanitè. »
-------------------------------------------------------------------
Enjenyè Arthur Jean-Pierre pote kontribisyon li nan preparasyon ak piblikasyon entèvyou sa a.