Accessibility links

Breaking News

Ravisè Kidnape 5 Prèt, 2 Relijyez, ak 2 Sitwayen Fransè ann Ayiti Dimanch


Yon manifestan lanse slogan pandan l pote drapo ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayiti a
Yon manifestan lanse slogan pandan l pote drapo ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayiti a

Ajans nouvèl Reuters di Ravisè kidnape 5 prèt, 2 relijyez, ak 2 sitwayen fransè ann Ayiti dimanch pase a, daprè yon pè katolik, nan nasyon Karayib la ki chaje ak zak kidnapping ak krim vyolan.


Yo kidnape 2 manm klèje katolik nan komin Kwadèboukè, o nòdès kapital la Pòtoprens, dapre Pè Gilbert Peltrop, sekretè jeneral asosyasyon Konferans Ayisyen Relijye yo.


"Nasyon an dwe kanpe pou konbat bandi sa yo," se sa Peltrop di ajans Reuters.


Pami sitwayen fransè yo gen pè ak yon mè, dapre sa l di.
Ministè Afè Etranjè fransè a konfime ke 2 sitwayen fransè tonbe anba men ravisè ann Ayiti men li pa t bay plis detay, pou rezon sekirite.


"Sant kriz ak sipò nan Ministè afè etranjè Inyon Ewòp la mobilize tout fòs li, ansanm ak anbasad nou ann Ayiti, nan rapò sere ak otorite ayisyen yo," dapre deklarasyon ki soti nan ministè a.


Kidnapping sa yo fèt mwenske 2 semèn apre nèg ame te kidnape yon pastè ayisyen ak 3 fidèl pandan yon seremoni ki t ap pase an dirèk sou Facebook.

XS
SM
MD
LG