Accessibility links

Breaking News

Putin Mete Fòs Nikleyè li yo Ann Eta d'Alèt Nan Moman Tansyon yo ap Ogmante


Solda Ikrenyen yo enspekte yon machin milite ki andomaje apre yon batay nan vil Kharkiv, Ikren, Dimanch 27 Fevriye 2022.
Solda Ikrenyen yo enspekte yon machin milite ki andomaje apre yon batay nan vil Kharkiv, Ikren, Dimanch 27 Fevriye 2022.

KYEV - Prezidan Ris la Vladimir Putin mete fòs militè li yo ann eta d'alèt pou yon atak nikleyè nan moman gen tansyon ant peyi sa a ak l'Oksidan poutet envazyon Ikrèn nan.

Lòd sa a vle di Putin vle pou zam nikleyè La Risi yo pare pou lansman epi ogmante kè sote peyi yo genyen pou envazyon Moskou a ak repons l'Oksidan pa vinn dejenere nan yon lagè nikleyè.

Lè li pase lòd sa a, lidè Ris la site sa li rele "deklarasyon agresiv" pwisans L'OTAN yo ansanm ak l'Oksidan fè epi sanksyon finansye yo ki frape di.

XS
SM
MD
LG