Accessibility links

Breaking News

Putin Fè Chita Tande ak Prezidan La Tiki


Prezidan Ris Vladimir Putin (mitan dwat) ak Prezidan LaTiki Recep Tayyip Erdogan (mitan goch) nan Sochi, La Risi, 4 Sept. 2023.
Prezidan Ris Vladimir Putin (mitan dwat) ak Prezidan LaTiki Recep Tayyip Erdogan (mitan goch) nan Sochi, La Risi, 4 Sept. 2023.

Prezidan ris Vladimir Putin fè chita-koze lendi ak Prezidan peyi Tiki Recep Tayyip Erdogan, pandan Tiki ak Nasyon Zini ap chache relanse yon akò pou pèmèt ekspòtasyon sereyal ki ap soti nan pò Ikrèn yo.

"Mwen konnen ou vle vini sou kesyon akò sereyal la. Nou ouvè pou negosye sou kesyon an," se konsa Putin te ouvè reyinyon an ki te dewoule nan vil vakans Sochi apre chita-koze ant minis afè etranjè LaRisi ak Tiki semenn pase a. Apre rankont la, Minis Afè Etranjè ris Sergey Lavrov te di li bay Tiki yon lis reklamasyon LaRisi pou Akò Sereyal Lanmè Nwa a ka rekoumanse.

LaRisi te wete kò li nan antant la nan mwa Jiyè a, lè li te plenyen ke loksidan pa te respekte yon lòt antant ki te pwomèt pou leve baryè kont ekspòtasyon manje ak angrè LaRisi.

XS
SM
MD
LG