Accessibility links

Breaking News

Prezidan Privert Pami 170 Lidè Kap Siyen Akò Pari a sou Chanjman Klimatik yo (COP21)


Prezidan Pwovizwa Ayiti a, Jocelerme Privert (premye plan).
Prezidan Pwovizwa Ayiti a, Jocelerme Privert (premye plan).

Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, twouve l New York depi mèkredi 20 avril la sou envitasyon Sekretè Jeneral Nasyon Zini an pou l patisipe nan seremoni siyati Akò Pari sou Rechofman Klimatik la (COP21) ansanm avèk prezidan, premye minis ak lòt lidè anviwon 170 peyi. Nan yon entèvyou eksklizif Misye Privert bay Lavwadlamerik, li reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste sou rezon patisipasyon li nan seremoni entènasyonal sa a, enpòtans li pou Ayiti, ak kesyon konsènan sitiyasyon politik la nan peyi a. Lidè ayisyen an di akò a enpòtan pou Ayiti kap fè fas ak move konsekans plizyè siklòn, inondasyon ak yon sechrès ki menase sekirite alimantè plis pase 5 milyon Ayisyen. Sou plan politik, Misye Privert ensiste sou lefèt ke, daprè li, kreyasyon komisyon endepandan verifikasyon elektoral la se yon repons pou demann ak egzijans plizyè sektè nan vi nasyonal la, san bliye lidè divès pati politik.

Koute entegralite entèvyou prezidan pwovizwa Jocelerme Privert bay Lavwadlamerik sou ralonj ki anba atik la.

Prezidan Privert Pami 170 Lidè Kap Siyen Akò Pari a sou Chanjman Klimatik yo (COP21)
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:21 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG