Accessibility links

Breaking News

Pri Viza pou Atis Entènasyonal ki Vle Pèfòme Ozetazini Ogmante 250% an Avril


Fanatik yo nan Festival Mizik Coachella a nan Indio, Kalifoni, 14 Avril 2024.
Fanatik yo nan Festival Mizik Coachella a nan Indio, Kalifoni, 14 Avril 2024.

Bagay yo vinn pi konplike pou mizisyen entènasyonal ki vle pèfòme Ozetazini.

Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini an ogmante pri viza yo pa 250%.

Pou mizisyen ki te ranpli dokiman pou mande viza anvan 1 Avril, pri aplikasyon an te $460.

Apre 1 Avril pri a vin $1615.

Atis yo ak gwoup kap defann dwa yo gen kè sote dèske ogmantasyon pri a taka devaste mizisyen ki soti toupatou nan mond lan ki vle vin bay konsè Ozetazini epitou sou ekonomi lokal nan eta ak vil kote atis yo ap pèfòme.

Avoka gouvènman Ameriken Gabriel Castro, Jen Jacobsen ki travay pou Alyans Dwa Atis yo epi Gareth Paisey ki jwe ak gwoup Los Camesinos! gen kè sote pou konsekans pri viza yo pral genyen sou nouvo atis kap evolye yo ak yon kilti mizikal milti-kiltirèl.

XS
SM
MD
LG