Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Pwopoze Pwolongasyon TPS la ak DACA pou 3 Zan an ECHANJ pou Lajan pou Miray la


Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap pale ak pèp ameriken an depi nan Lamezon Blanch sou fèmti pasyèl gouvènman an, imigrasyon ak sekirite sou fwontyè a. Samdi 19 janvye 2019, Washington. (Foto: AP/Alex Brandon)
Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap pale ak pèp ameriken an depi nan Lamezon Blanch sou fèmti pasyèl gouvènman an, imigrasyon ak sekirite sou fwontyè a. Samdi 19 janvye 2019, Washington. (Foto: AP/Alex Brandon)

Prezidan Etazini an Donald Trump ofri lidè Demokrat yo nan Kongrè a yon plan kap ede relouvri gouvènman an si lidè Demokrat yo aksepte l.

Plan Prezidan Trump la prevwa konstriksyon yon miray sou frontyè Etazini ak Meksik la; pwolonje TPS la pou 3 zan pou 300 mil imigran kap fè-fas ak fen pwogram nan ann atandan Kongrè a vote yon pi gwo lwa imigrasyon; 3 zan soulajman pou 700 mil imigran ki nan pwogram DACA a.

Prezidan Trump di sena a genyen pou l fè yon vòt sou pwopozisyon l la semèn kap vini an. Prezidan an pwopoze pou anplwaye plis jij imigrasyon ak pou konbat trafik dwòg sou fwontyè a. Prezidan Trump sigjere pou moun kap fè demand azil yo aplike pou azil depi nan peyi yo.

Prezidan chanm depite ameriken an, Nancy Pelosi
Prezidan chanm depite ameriken an, Nancy Pelosi

Demokrat yo poko reyaji pou di si WI ou NON yo pral aksepte pwopozisyon Prezidan Donald Trump la pou pwolonje TPS ak DACA pou 3 zan an "ECHANJ " ak lajan pou l konstri yon miray ant Etazini ak Meksik la. Sepandan, avan diskou Prezidan Trump la, moun kapab li yon mesaj sou kont Twitter prezidan chanm depite yo, Nancy Pelosi, ki di:

"Anfen prezidan an vle manifeste volonte pou rekòmanse negosyasyon yo yon fason pou relouvri gouvènman federal la, men si se plan sa a nou konnen an l ap pwopose a ebyen nou pa kapab aksepte yon bagay konsa..."

Madam Pelosi ajoute:

"Malerezman pwopozisyon sa a pa diferan ak yon bann lòt pwopozisyon ki te deja vin devan nou e ke nou pat dakò ak yo. Youn nan pwopozisyon sa a yo pa akseptab e yo pa montre vrèman vre bòn fwa pou rezoud pwoblèm imigrasyon an e retabli lapè nan panse moun yo. Chanm depite a pap janm kapab vote sou yon pwopozisyon konsa.

Yon nan bagay yo, sè ke pwopozisyon sa a pa gen yon solisyon pèmanan ladan pou moun DACA ak sila yo ki gen TPS.

Demokrat yo an favè yon solisyon entèlijan e efektif pou sekirize fwontyè a, tankou:

  • Ogmante enfrastrikti nan pòt antre yo sou fwontyè a epi mete plis pò ak wout.
  • Mete bon jan teknoloji pou detekte dwòg, zam ilegal ak kontrebann.
  • Ogmante kantite ajan sekirite yo sou fowntyè a.
  • Mete plis jij imigrasyon."

XS
SM
MD
LG