Accessibility links

Breaking News

Prezidan Siryen an Anonse yon Referandòm Nasyonal


Prezidan siryen an, Bashar al-Assad
Prezidan siryen an, Bashar al-Assad

Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, anonse yon referandòm nasyonal pou fen mwa fevriye a-- referandòm li di ki pral mete fen nan prèske 50 tan rejim Pati Inik Siri a. Anons sa a tonbe nan moman twoup gouvènman an kontinye ap atake rejyon ki antre an rebelyon atravè peyi a.

Si konsiltasyon elektoral 26 fevriye a pase, li pral pèmèt yo ekri yon nouvo konstitisyon ki pral elimine pozisyon “lidè Leta ak Sosyete a” Pati Baas ki sou pouvwa t ap jwi a. Medya Leta siryen an di pwojè konstitisyon an pral pèmèt yon prezidan eli fè 2 manda 7 tan sou pouvwa a -yon bagay ki pat egziste pandan dè-e-dè dizèn lane nan peyi arab la.

Defen papa Prezidan Assad la, Hafez, te dirije Siri pandan 29 van anvan l mouri an l an 2000, lè pitit li Bashar al-Assad vinn ranplase l sou pouvwa a. Pati Baas la te rive sou pouvwa a an 1963.

Larisi byen akeyi anons referandòm nan, men gwoup opozisyon siryen yo pa pèdi tan pou yo voye l jete. Yo di se yon fason pou gouvènman an fè tan pase e ke pèp siryen an pap aksepte ni plis ni mwens ke demisyon misye Assad.

Pòtpawòl Lamezon Blanch lan, Jay Carney, kalifye koze referandòm nan kòm yon bagay «rizib» ; li di koze referandòm nan pase nan «betiz rebelyon pèp siryen an».

Pandanstan, militan yo fè konnen twoup siryen yo lanse yon nouvo operasyon militè nan Hama, katriyèm pi gran vil Siri. Gwoup Dwazimen yo di fòs gouvènman an te tire sou katye moun abite avèk kannon anti-aeryen ke yo plase abò veyikil militè blende.

XS
SM
MD
LG