Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Lage Kèsote nan Mitan Pèp la: Li Voye 3 Jij Kou Kasasyon nan Retrèt 


WASHINGTON/PÒTOPRENS - Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, voye 3 jij Kou Kasasyon an nan retrèt 2 jou apre li te anonse yon tantativ koudeta echwe. Jij retrete sa yo se: Yvickel Dabrezil, ke lapolis nasyonal te arete nan yon operasyon pou dejwe yon swadizan tantativ koudeta nan kòmansman jounen dimanch la, Jij Wendelle Coq Thelot, avèk Jij Joseph Mecène Jean-Louis ke sektè opozisyon an te chwazi pou dirije “yon gouvènman tranzisyon demokratik.”

Jij Jean-Louis, ki se manm ki pi aje nan Kou Kasasyon an, te pibliye lendi 8 fevriye a yon video ki parèt sou medya sosyal yo e kote li deklare li aksepte nominasyon li pa opozisyon na ak manm sosyete sivil la pou li “sèvi peyi li kòm prezidan pwovizwa pandan yon peryòd tranzisyon”.

Opozisyon politik la gen plizyè mwa depi l ap ensiste pou l di manda Prezidan Jovenel Moise la t ap pran fen nan dat 7 fevriye 2021 an daprè konstitisyon an epi yon gouvènman tranzisyon te gen pou ranplase li. Plan sa a mande pou yon manm Kou Kasasyon an sèvi kòm prezidan pwovizwa –ann ako ak konstitisyon an- jiskaske eleksyon te ka dewoule pou pèp la chwazi yon nouvo prezidan. èòÒÈ

Prezidan Moise di manda li pa p pran fen pazavan le 7 fevriye 2022, yon dat ke Lèzetazini, Òganizasyon Nasyon Zini (ONU) avèk Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) apsepte. Yo lanse apel bay Misye Moise pou l mete sou pye eleksyon lejislatif “osito ke sa va posib teknikman, e apre sa pou l òganize eleksyon prezidansyèl an 2021.”

Ayiti te dwe gen eleksyon prezidansyèl ak lejislatif an 2020 pou chwazi yon siksesè pou Misye Moise; men peyi a pa t ka fè sa akoz pandemi kowonaviris la avèk yon klima ensekirite. Lide ayisyen an ap dirije pa dekrè depi janvye 2020, mwa kote manda 2 tyè palman an te ekspire.

XS
SM
MD
LG