WASHINGTON DC —
Prezidan Donald Trump te sèvi ak premye konferans pou laprès li te bay pou kont li pou l te defann sou tout pwen premye mwa li nan pouvwa a ki te boulvèse. Mesye Trump demanti nouvèl ki pale de pakèt dezòd ki nan Mezon Blanch e li ensiste pou l di administrasyon li a ap mache tankou yon machin ki sot fè yon bon tune up.
Konferans pou laprès la, ki te dire 75 minit, pafwa te sanble yon batay e te komik, kote Prezidan Ameriken an tanzantan te fè blag e te bay près la leson nan East Room (Sal Ès) Mezon Blanch la.
Mesye Trump te site anpil pwen li konsidere kòm akonplisman li. Pami yo, li wete Etazini nan Tèt-Ansanm Trans-Pasifik-la, li òdone gouvènman federal la fè yon kanpe sou anplwaye moun, e li te elimine anpil regleman nan sistèm leta a.