Prezidan-eli Donald J. Trump pral prete sèman kom 47em Chèf d Eta peyi Etazini 20 Janvye, 2025 a midi pil. Anvan evenman istorik sa a, gen anpil preparasyon ki fèt. Foto sa yo ba nou yon ide de kijan Ameriken fè preparasyon pou evenman espesyal sa a.
Preparasyon pou Seremoni Envestiti Donald Trump
Preparasyon ap fèt depi kèk jou pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump nan Washington. Men yon apèsi kijan sa dewoule.

1
Solèy la leve dèyè Capitol la pandan repetisyon ap fèt nan seksyon wès la pou seremoni envestiti Prezidan-eli Donald Trump, 12 Janvye 2025.

2
Trump Inauguration Rehearsal

3
Manm Gad Donè militè Etazini an patisipe nan yon parad pandan repetisyon pou envestiti prezidansyèl la, sou gazon No Lamezonblanch nan Washington, 12 Janvye 2025.

4
Militè mache devan Fas Es Capitol la pandan yon repetisyon pou seremoni envestiti prezidansyèl la, 12 Janvye, 2025.