Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayiti a Aksepte Demisyon Premye Minis Joseph Joute Apre Plizyè Mwa Latroublay


Prezidan Jovenel Moise ki t ap bay yon konferans pou laprès
Prezidan Jovenel Moise ki t ap bay yon konferans pou laprès


Sandra Lemaire

14 avril 2021 11:53 AM

Washington / Pòtoprens, Ayiti

Prezidan ayisyen an aksepte demisyon Premye Minis li a, Joseph Jouthe, ki te anonse sou kont Twitter li byen bonè mèkredi a li demisyone, san li pa di poukisa.

"Mwen prezante lèt demisyon mwen bay Prezidan Repiblik la, SEM @moisejovenel. Se te yon onè pou m sèvi peyi mwen kòm Premye Minis. Mwen remèsye manm gouvènman mwen an, patnè teknik ak patnè finansye nou yo pou kolaborasyon yo. Se pou Bondye beni Ayiti! "

Se konsa Joseph Joute fini Tweet la.

Prezidan Jovenel Moise reponn nan yon èdtan pita sou kont Twitter li pou l di ke demisyon an ap ede jwenn yon solisyon pou pwoblèm ensekirite egi ki sele gouvènman an depi plizyè mwa. Ka kidnapping yo ap ogmante ann Ayiti pandan ke gang yo elaji objektif yo pou ranson. Nan mwa sa a, yo te kidnape yon gwoup ki gen ladan l responsab legliz pandan yo tap difize lamès an dirèk.

"Demisyon gouvènman an, ke mwen aksepte, pral pèmèt mwen fè fas ak gwo pwoblèm ensekirite a ak pouswiv diskisyon pou ede nou jwenn konsansis ki nesesè pou stabilite politik ak enstitisyonèl nan peyi nou an. Minis Claude Joseph nome Premye Minis pwovizwa."

Se deklarasyon Prezidan Jovenel Moise.

Minis afè Etranjè a, Claude Joseph, ranplase Jouthe. Doktè Joseph tounen 6yèm premye minis k ap sèvi administrasyon Moise la.

Wòl Jouthe nan gouvènman Moise la.

Anvan yo te nonmen Jouthe premye minis nan mwa mas 2020, li te ranpli wòl minis Anviwonman sou gouvènman Premye Minis Jean-Henry Ceant an nan mwa septanm 2018. Jouthe te ranpli wol Minis Ekonomi ak Finans an septanm 2019.

Jouthe te eseye demisyone nan dat 10 mas aprè yon reyinyon an konsèy, men Prezidan Moise te refize aksepte demisyon li. Jouthe te nan dezakò ak lòt manm kabinè a ki te ouvètman opoze epi aji kont lòd li te pase yo konsènan pwoblèm ki gen rapò ak sekirite epi jistis.


Ki moun ki Claude Joseph?

Nouvo Premye Minis provizwa a Claude Joseph se 164em Minis Afè etranjè Ayiti. Avan yo te nome l Minis afè etranjè nan mwa Mas 2020, li te ranpli wòl Anbasadè Ayiti ann Arjantinn, epi li te Charge d’affaires nan anbasad Ayiti a nan Espagne. Avan Doktè Joseph te travay nan politik, li te profesè nan Inivèsite Connecticut ak Inivèsite Long Island.

Matiado Vilme nan Pòtoprens te kontribye nan repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG