Sekretè laprès Mezon Blanch Jen Psaki di, "Gen 2 wout LaRisi ka pran kounye la a. Li ka pran wout diplomasi. Oubyen li ka chwazi pou-l ogmante tansyon an. Nou gen espwa yo pwal chwazi wout diplomasi a.
Biden mande Vladimir Putin pou-l pase lòd pou twoup yo tounen nan kazèn yo. Mezon Blanch te deklare plizyè fwa ke Etazini ap reponn kòmsadwa si LaRusi anvayi Ukrèn plis toujou."
"Nou te eksplike kòlèg nou yo ke nou pa gen ni plan ni entansyon atake Ukrèn," se pawòl Asistan Minis Afè Etranjè Sergei Ryabkov nan pale ak jounalis apre chita-koze yo te fini lendi. Ryabkov ajoute - n-ap site - "Pa gen rezon pou nou pè pou tansyon an pa ogmante sou pwen sa-a". Fen sitasyon. Kremlen an gen kè-sote pou l-OTAN k-ap laji pou kouvri pati ès Ewòp la. Alyans sa-a te fonde pou bare Inyon Sovyetik. Ukrèn, yon ansyen eta sovyetik, ap chache antre nan l-OTAN. E Moskou pa dakò.