Accessibility links

Breaking News

Pitit Gason LeBron James, Bronny, Nan Kondisyon Stab Apre yon Atak Kadyak


Foto Achiv: Bronny James, pandan yon match basketbol lise li nan Springfield, Massachusetts, 16 Janvye 2023.
Foto Achiv: Bronny James, pandan yon match basketbol lise li nan Springfield, Massachusetts, 16 Janvye 2023.

Bronny James, ki se pitit gason supèvedèt NBA LeBron James, entène lopital apre li fè yon atak kadyak pandan yon antrenman nan inivèsite Sid Kalifòni Lendi.

Yon pòt pawòl fanmi an di ekip medikal Inivèsite a te ba li swen epi apre sa yo te transpòte l lopital.

Pòt pawòl la di Bronny nan kondisyon stab e ke li pa nan seksyon swen entansif anko.

Bronny James te pami pi bon jwè lise yo - ki te gen plis chans pou NBA rekrite l lè li te kòmanse jwe pou ekip basketbòl Trojans, Inivèsite Sid Kalifòni an.

XS
SM
MD
LG