Accessibility links

Breaking News

19 Peyi, Tankou Etazini, Pwomèt Pou yo Sispann Finanse Konbistib Fosil Nan Peyi Etranje


FILE - Steam comes out of chimneys of a coal-fired power station in Niederaussem, Germany, Oct. 24, 2021.
FILE - Steam comes out of chimneys of a coal-fired power station in Niederaussem, Germany, Oct. 24, 2021.

19 peyi pwomèt nan fen ane 2022 y ap mete fen, ak finansman pwojè gaz fosil ki pa itilize teknik pou retire kabòn lan, nan aletranje. Angajman sa yo gen ladan gwo envestisè tankou Etazini ak Kanada.

"Envestisman nan pwojè gaz fosil sa yo jan yo ye a, ap ogmante risk sosyal ak ekonomik nan mond lan. Epi li gen enpak negatif sou revni eta yo, travay lokal yo, kontribyab yo ak sante piblik," yon deklarasyon tout siyatè yo te fè ansanm pandan konferans klima entènasyonal COP26 la nan vil Glasgow.

Dapre Ajans Enèji Entènasyonal (IEA), pou yo kapab kenbe objektif sa ki se + 1.5 ° C, fok yo ta sispann tout finansman pou nouvo pwojè gaz fosil yo.

XS
SM
MD
LG