Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Rate yon Rankont Akoz Li Gen Lafyèv


Pap Franswa bay benediksyon li pandan rankont Edikasyonel Eco-Vil la, nan Vatikan an, 25 Me, 2023.
Pap Franswa bay benediksyon li pandan rankont Edikasyonel Eco-Vil la, nan Vatikan an, 25 Me, 2023.

Nimewo 2 Vatikan an fè konnen Pap Franswa gen yon lafyèv kap fatige l e se poutèt sa li patka akeyi gwo foul moun ki vin wè l yo.

Kadinal Pietro Parolin te pale konsa apre Vatikan an te konfime Franswa gen lafyèv e ke li te rate rankont li te sipoze genyen Vandredi.

Ajans nouvèl LaPresse site Parolin ki di pap le di l li te vle salye tout moun ki te asiste evenman Scholas Occurentes la Jedi.

Dènye fwa pap la te gen yon gwo lafyèv sete nan mwad Mas la. Lè sa a yo te kouri lopital ak souvren pontif la ki gen 86 zan, e yo te jwenn li gen yon enfeksyon bwonchit grav. Yo te bali sewom ak antibyotik epi apre 3 jou li te retounen nan Vatikan an.

XS
SM
MD
LG