Responsab militè Kore di Sid yo fè konnen lendi 13 novanm 2017 la yon sòlda ouvè kout zam e blese yon lòt manm lame Kore di Nò tokay li ki tap eseye janbe fwontyè pou ale nan Kore di Sid atravè yon ti vilaj toupre a.
Kominike Sewoul publiye sou kesyon an presize sòlda nò koreyen an ta eseye dezète apati Panmunjom, yon vilaj net ki andedan zòn demilitarize a, yon zòn ki divize tou 2 Kore yo.
Responsab sid koreyen yo di yo resevwa sòlda a e mennen li lopital kote lap resevwa swen. Jiskaprezan, pèsonn poko konnen dimansyon blesi li resevwa nan men tokay sòlda nò koreyen an oubyen pou ki rezon li tap eseye dezète.