Accessibility links

Breaking News

Netflix Gen Entansyon Kontwole Pataj Mo Pas Abone yo


Foto Achiv: Logo konpayi Netflix la.
Foto Achiv: Logo konpayi Netflix la.

Rezo difizyon Netflix ap eseye jere yon gwo bès nan kantite moun ki abone - kidonk li anvizaje fè kèk chanjman nan sèvis li yo ke li te reziste fè pandan lontan.

Netflix sibi premye bès nan kantite moun ki abone avè'l ane sa a e sete yon move sipriz ki lakoz pri aksyon li yo bese 37% sou mache labous la Mèkredi.

Konpayi a di li pral eseye minimize pataj mo pas abone yo e lap konsidere yon abonman bon mache ki ta gen piblisite ladann. Chanjman sa yo taka afekte kliyan lwayal Netflix yo kèk fason pèson paka predi.

Pandan pandemi a, lè moun te oblije rete fèmen lakay yo, anpil moun te gade pwogram sou rezo difizyon (streaming) lakay yo. Sa te bay lot konpayi tankou Apple ak Walt Disney yon bourad nan jefo pa yo pou fè konpetisyon ak pwop sèvis streaming pa yo.

XS
SM
MD
LG