Accessibility links

Breaking News

Otorite l ONU di Sitiyasyon an nan Siri Pa Amelyore


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon
Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon
Sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini, Ban Ki-moon, fè konnen konfli ki pete nan Siri a ak atak twoup gouvènmantal yo ap lanse sou rejyon kote sivil abite, pa bay okenn siyn ki ta montre vyolans la ap bese nan peyi a, malgre gouvènman prezidan Bashar al-Assad la te bay asirans li kòmanse wete twoup yo nan zòn konba yo anvan yon delè l ONU fikse pou zak vyolans yo sispann rive nan bout li. Misye Ban pale konsa jedi 5 avril 2012 la nan yon mesaj li mete devan asanble jeneral Nasyon Zini an. Chèf l ONU an di nap site:
« Sitiyasyon an kontinye deteryore sou teren an; vyolans la te sipoze sispann sa genyen kèk mwa deja; An fèt, vyolans la pat dwe kòmanse menm, sitou paske sa k pwovoke li, se doleyans, se demand lejitim pèp siryen an – menm demand nou wè pèp yo atravè tout mond arab la ap fè depi plis pase yon lane deja. »
Nan menm jounen jedi a, pandan anvwaye espesyal l ONU ak Lig Arab la, Kofi Annan, te nan vil Jenèv, an Swis, li mete devan asanble jeneral la yon mesaj tele-video kote li fè sonje gouvènman siryen an te aksepte, mwa pase a, yon plan an 6 pwen li te mete devan n, e li lanse apèl bay rejim Damas la pou mande l respekte sa k di nan plan an. Menm jan ak Sekretè Jeneral Ban Ki-moon, Misye Annan rekonèt pa tèlman gen pwogrè nan efò k ap fèt pou mete fen nan zak vyolans yo nan Siri. Anvwaye espesyal la deklare :
« Nou dwe fè tank yo fè silans; nou dwe fè menm bagay la ak elikoptè militè yo, kout mòtye yo, kout fizi yo ak tout lot fòm vyolans, tankou abi seksyèl, zak kraze zo, egzekisyon somè, kidnaping, destriksyon kay, afè itilize lafòs pou oblije moun kite rejyon kote y ap viv, anfen tout lòt abi, san bliye abi sou timoun. »

Nan dat 25 mas pase a, Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, te dakò pou l aplike plan Annan nan ki mande yon seselfe rapid epi pou gouvènman an antre nan yon dyalòg ak militan yo; men ni misye Annan, ni sekretè jeneral Ban rekonèt rejim Damas la pa pran okenn dispozisyon pou li mete fen nan operasyon sere-boulon li lanse kont popilasyon sivil la nan divès vil atravè peyi Siri.
XS
SM
MD
LG