Lame peyi Soudan sezi pouvwa a epi disoud gouvènman tranzisyon an kèk hè'd tan sèlman apre solda te arete premye minis la ak lot responsab wo plase gouvènman an.
Dè milye moun pran lari pou pwoteste kou d'eta a Lendi. Kou sa a menase pwogrè Soudan tap fè pou tabli demokrasi lakay li. Li vini plis pase 2 zan apre manifestan te dechouke lide kanson fè Omar al-Bashir e kek semèn sèlman anvan lame a te sipoze remèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil.
Apre arestasyon Premye Minis Abdalla Hamdok ak lot responsab yo bonè maten an, dè milya moun te pran lari nan kapital la ak nan vil marasa Omdurman pou di yo pa dakò.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press
Facebook Forum