Accessibility links

Breaking News

Nan Soudan, Lame Fè Koudeta Epi Arete Premye Minis la


Jeneral Abdel-Fattah Burhan, ofisye militè pi wo grade
Jeneral Abdel-Fattah Burhan, ofisye militè pi wo grade

Jeneral Abdel-Fattah Burhan, ofisye militè pi wo grade a, anonse l ap disoud Konsèy Souvren ki t ap dirije Soudan an epi kraze gouvènman ki te gen Premye Minis Abdalla Hamdok nan tèt li a. Dapre jeneral la, zizani ki genyen ant faksyon politik rival yo lakoz lame a oblije pase alakasyon.

Lame peyi Soudan sezi pouvwa a epi disoud gouvènman tranzisyon an kèk hè'd tan sèlman apre solda te arete premye minis la ak lot responsab wo plase gouvènman an.

Dè milye moun pran lari pou pwoteste kou d'eta a Lendi. Kou sa a menase pwogrè Soudan tap fè pou tabli demokrasi lakay li. Li vini plis pase 2 zan apre manifestan te dechouke lide kanson fè Omar al-Bashir e kek semèn sèlman anvan lame a te sipoze remèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil.

Apre arestasyon Premye Minis Abdalla Hamdok ak lot responsab yo bonè maten an, dè milya moun te pran lari nan kapital la ak nan vil marasa Omdurman pou di yo pa dakò.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG