Accessibility links

Breaking News

“Mwen pa yon Diktatè” Pawòl Prezidan Jovenel Moise ki Denonse yon Tantativ Koudeta 


Ajan lapolis arete kek manifestan pandan yon pwotestasyon kote moun yo t ap reklame demisyon prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, nan Pòtoprens, dimanch 7 fevriye 2021 an.
Ajan lapolis arete kek manifestan pandan yon pwotestasyon kote moun yo t ap reklame demisyon prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, nan Pòtoprens, dimanch 7 fevriye 2021 an.

WASHINGTON-PÒTOPRENS - “Mwen pa yon diktatè”. Se deklarasyon prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pandan li t ap mete yon mesaj devan nasyon an nan jounen dimanch 7 fevriye 2021 an, kèk èdtan aprè li te fin anonse lapolis te dejwe yon tantativ koudeta epi yo te fè plis pase 20 arestasyon.

Ayisyen te leve nan jounen dimanch la avèk bri anpil tire nan zorèy yo tou pre palè nasyonal la, e korespondan Lavwadlamerik yo te kapab wè yon gwo prezans lapolis nan zòn nan. Vè midi, prezidan repiblik la te fè piblik la yon sipriz lè l te parèt an dirèk sou Facebook, pandan li te nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la, pou l te anonse echèk yon tantativ koudeta avèk divès arestasyon.

Misye Moise te di Premye Minis la, Joseph Jouthe, ta pral bay plis detay, anvan li te pran direksyon Depatman Sidès peyi a pou l te inogire kanaval Jakmèl la. Li te gen avèk li, antwòt, madanm li, Martine Moise.

Prezidan Jovenel -jan Ayisyen yo rele l kouraman- fe konnen li gen pou l pase yon lòt ane sou pouvwa a, paske li te prete sèman an 2017 pou yon manda 5 kan. Sepandan, pati opozisyon yo nan peyi a ensiste pou yo di manda prezidan an rive nan bout li dimanch 7 fevriye 2021 an, swa dat konstitisyon an fikse pou yon prezidan ayisyen prete sèman. Prezidan Jovenel pa t rive òganize eleksyon an 2020 akoz pandemi kowonaviris la mete son yon klima ensekirite.

Ozetazini, administrasyon Biden nan te pran pozisyon, nan jounen vandredi 5 fevriye a, an favè pozisyon Prezidan Moise la ki di manda li a pral pran fen nan dat 7 fevriye 2022, pandan ke, an menm tan, Washington ankouraje lidè ayisyen an pou l respekte etadedwa, sispann dirije ak dekrè epi òganize eleksyon le pi vit posib. Se menm pozisyon sa a nou jwenn bò kote Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Luis Almagro.

Nan jounen samdi 6 fevriye a kèk manm Kongrè ameriken an te voye bay Sekretè Deta Antony Blinken yon lèt kote yo kondane aksyon Prezidan Jovenel Moise yo. Depatman Deta a ak anbasad amerikèn nan Pòtoprens pa fè okenn kòmantè sou evennman ki dewoule dimanch yo. Premye Minis Joseph Jouthe bay detay sou operasyon lapolis la nan yon konferans pou lapres li te bay nan apremidi jou dimanch la nan rezidans ofisyèl li, kote li di “sete yon operasyon katastwòf” kote lapolis te mache sou yon lokal ki rele “Abitasyon Tibwa” nan vwazinaj Tabarre, yon zòn nan kapital la. Daprè Misye Jouthe toujou, lapolis arete 23 moun epi li sezi lajan (goud kou dola), zam avèk minisyon. Chèf gouvènman di: “Pami 23 moun yo, malrezman gen yon jij Tribinal Kasasyon an (Kou Siprèm nan) avèk yon enspektris jeneral polis nasyonal la. Yon bagay nou regrèt…”

Yo idantifye jij Kou Kasasyon an kòm Hiviquel Dabrezil epi enspektris jeneral lapolis la kòm Marie Louise Gauthier. Agwonòm Louis Buteau, li menm tou, jwenn arestasyon l. Men kijan Premye Minis Jouthe prezante kouplo kou deta a:
“Moun sa yo te kontakte ofisye ki te an chaj sekirite a nan palè nasyonal e ki te genyen pou arete prezidan an epi mennen li nan Abitasyon Tibwa. Ansuit yo t ap fasilite prestasyon sèman yon nouvo prezidan pwovizwa ki t ap la pou dirije yon tranzisyon.”

Plan tranzisyon opozisyon an prevwa chwa yon jij Kou Kasasyon an pou ranplase Jovenel Moise aprè fen manda li nan dat 7 fevriye 2021 an. Nan jounen samdi a Lavwadlamerik te mande Mèt André Michel, yon avoka ki reprezante kowalisyon gwoup Opozisyon Demokratik ak Popilè a, kilès yo te chwazi pami jij yo; li te refize presize kiyès sa t ap ye. Li te fè konnen si li te bay non an, moun sa a pa t ap viv pou l te wè jounen dimanch la.

Misye Michel te ajoute: “CSPJ (Kou Siperyè Pouvwa Jidisyè), ki an prensip genyen denye mo a nan nenpòt ki konfli politik ou legal, fè konnen manda Jovenel Moise pran fen.” E pozisyon sa a, daprè li, jwenn apui manm Kongrè ameriken an.

Nan jounen samdi a, depite demokrat ameriken Gregory Meeks te pibliye yon tweet kote l te di li voye bay Sekrete Deta Antony Blinken yon lèt kote li “kondane aksyon anti-demokratik Prezidan Moise yo ann Ayiti e li lanse yon apèl prese pou l mande Ayisyen yo reyalize yon tranzisyon demokratik pouvwa a.” Lèt la pote siyati 5 lòt manm Chanm Bas la: Albio Sires, Andy Levin, Alcee Hastings, Ilhan Omar avèk Darren Soto.

XS
SM
MD
LG