Robert Gabriel Mugabe, prezidan Zimbabwe , ap dirije peyi sa a depi 31 desanm 1987. Avan sa, li te okipe pòs premye minis soti nan ane 1980 rive an1987. Li se chèf deta ki pi granmounn nan lemond.
Prezidan Zimbabwe a, Robert Mugabe Apre Plizyè Dizèn Ane sou Pouvwa a

1
Robert Mugabe ko-lidè nan fòs geriya Front Patriyotik la pandan yon konferans pou laprès nan Lond, 19 desanm 1979, kote li tap anonse li menm ak Joshua Nkomo te rive jwenn yon akò nan Kay Lancaster a, Lancaster House sou yon nouvo konstitisyon, epi aranjman yon tranzisyon ak seselefe. (Foto: AP)

2
Robert Mugabe, nan wòl pòtpawòl pou Inyon Afriken Nasyonal Zimbabwem a ki te baze nan Mozanbik, mas 1975. (AP Photo)

3
Prezidan ameriken Jimmy Carter ki tap rankontre ak Premye Minis Zimbabwe a Robert Mugabe nan Biwo Oval Mezon Blanch la nan Washington, 27 out 1980. (AP Photo)

4
Premye Minis Zimbabweyen a, Robert Mugabe, adwat, ak Yasser Arafat, agoch ak Jean Chitanda, agoch, ak Tsitsi Chikasha, nan Ayewopò Harare a, Zimbabwe, 14 avril, 1987, avan pou yo te al patisipe nan yon reyinyon Komite Mouvman ki non-alye sou dosye Palestin nan. (AP Photo)
Facebook Forum