Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, rive travèse kap yon mizanazikasyon nan cham bas palman an kote depite opozisyon an t ap chache jije l pou koripsyon ak lòt vyolasyon konsitisyon an. Depite yo vote 53 sou 61 pou yo rejte pwopozisyon an nan fen yon seyans ki te dire tout nannuit mèkredi 21 pou leve jedi 22 out 2019 la. 3 nan depite ki te prezan yo vote pou apiye mizanakizasyon an tandiske 3 lòt te fè abstansyon. Sou yon total 119 depite, 58 pa t prezante nan seyans la; men sistèm palmantè ayisyen an te pèmèt deba yo dewoule pou yo te debouche sou vòt la.
Depite opozisyon an te akize Prezidan Moise deske li komèt plizyè vyolasyon konstitisyon an. Pami vyolasyon sa yo genyen le fèt ke li ta nonmen moun ki pa kalifye nan kabinè ministeryèl la epi li ta siyen kontra avèk konpayi etranje san konsantman enstitisyon ki la pou pran desizyon final sou kesyon konsa.
Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pale avèk Depite Gary Bodeau, prezidan chanm bas la, yon ti moman aprè yon seyans maraton ki te pran fen jous douvanjou jounen jedi 22 out la. Misye Bodeau deklare :
"Mwen pa twò kontan; paske se pa konsa m te swete deba yo fini. Daprè sa m te li nan dosye akizasyon depite yo, kèk nan kesyon yo soulve ladan n genyen merit. Men malerezman depite yo pa t rete nan chanm nan pou yo debat kesyon yo; e se sa k fè seyans la fini jan l fini an. Se byen regretan."
Misye Bodeau di VOA li t ap anvizaje posiblite pou l te ouvè yon dyalòg avek lidè opozisyon an pa pi ta ke nan jounen jedi 22 out la. Li te tou pwofite anonse ke prensipal pwen ki pral sou kalandriye pwochen seyans an, se deba sou dosye premye minis nome a.
Nan fen apremidi jedi 22 out la, Prezidan Jovenel Moise potko reyaji sou vòt la. Sepandan konseye politik li, Jean Wilio Patrick Chrispin, fè Lavwadlamerik konnen depite akizatè yo te itilize dwa konstitisyon an ba yo pou yo siveye e kesyone travay pouvwa egzekitif la e li felisite yo pou sa.
Daprè Misye Chrispin, kounyela a ke dosye mizanakizasyon an fin klase, li espere tou lè 2 chanm palman an pral travay pou yo fè fas ak defi ki devan peyi a. Konseye politik la site «enstalasyon yon nouvo gouvènman, lekòl ki pral ouvri, pwoblèm ekonomik tankou chomaj, lavi chè, enflasyon, salè minimòm, sitiyasyon mizè ki blayi sou pèp la, lwa sou bidjè a ki poko pase nan palman an…. »
Sepandan, youn nan lidè sosyete sivil la, Edouard Paultre, pa satisfè ditou ak jan tretman dosye a fini nan chanm bas la; yon lòt kote li pa pataje lide kòmkwa, kèlkeswa jan jesyon mizanakizasyon an fini, se yon pwogrè pou pwosesis demokratizasyon an ann Ayiti. Misye Paultre deklare :
«Mwen panse prezidan chanm depite a pa t bay ase tan pou deba yo dewoule kòmsadwa; li pa t administre asanble a nan sans ki te ka pèmèt deba yo fèt vrèman. Depite akizatè yo te manke travay sou "argumentation" yo.
« 2èmman, mwen panse aprè vòt sa a tout pouvwa yo va mete ansanm pou yo jere afè koripsyon k ap travèse peyi a. Popilasyon an genyen pou l reyaji pa rapò ak vòt sa a ke reprezantan li yo bay. Youn nan prensip bòn gouvènans la, se kapasite dirijan yo genyen pou yo koute popilasyon an. Sanble ni pouvwa egzekitif la, ni pouvwa lejislatif la pa mezire dimansyon demand ak egzijans popilasyon an.
« Kantapou pawòl ki di vòt la se yon egzèsis demokratik, mwen pa apiye panse sa, paske depite yo bakle tretman dosye mizanakizasyon an. Mwen panse depite akizatè yo pa t gen kapasite vrèman pou yo te soutni akizasyon yo. Se sa ki, daprè mwen, fware demand palmantè sa yo te fè a. Pèp la genyen yon pèsepsyon nan tèt li; e pèsepsyon sa a pap sòti. Daprè mwen, sa k pase la a pral fè ke popilasyon an pa kwè nan pwosesis demokratik la ankò, dotanplis ke te deja genyen yon ‘’dezangajman‘’ pèp la pa rapò ak dirijan li yo... »
Opozisyon an te ensiste pou seyans mizanakizasyonan dewoule anvan tout konsiderasyon sou pèsonalite Prezidan Jovenel Moise chwazi pou pòs premye minis la, Fritz William Michel. Ayiti pa gen yon gouvènman depi mwa mas pase a lè chanm depite a te òganize yon vòt non-konfyans pou wete premye minis Jean Henry Céant sou pouvwa a. \