Apati de lendi 6 desanm nan otorite ameriken yo kapab adopte plizyè opsyon an favè ou kont imigran ki vinn mande azil sou fwontè Etazini pataje ak Meksik la. Y ap analize dosye yo pou konnen si wi ou non y ap depòte yo imedyatman, oswa refoule o Meksik ak yon dat pou prezante devan yon jij, otorize yo antre Ozetazini oubyen kenbe yo nan prizon.
Migran k ap tann depi 2019 o Meksik eksprime enkyetid yo apre anons la. Migran tankou Eidi Reyes, moun Onduras ki deklare li santi l tris pou l wè plis imigran k ap chache azil pou al viv menm sitiyasyon l ap viv jodi a. Madan Reyes gen 4 mwa depi l ap viv nan yon kan nan reynoso ak pitit gason li apre li te fè demand azil lòt bò fwontyè a. Nou vle kite isit la. Nou soufri twòp. Gen anpil timoun ki malad. N ap fè fas ak danje. Nou pè akoz nou pa santi nou an sekirite.
Claudia Rivas, yon imigran Salvadoryen deklare se yon bagay ki bay enkyetid. biwo imigrasyon mande n pou ret tann omeksik pou n aplike pou azil e lè n rive la a se yon desepsyon.
Etazini ap pran yon seri desizyon pou rezoud sousi imanitè meksik genyen konsènan pwogram nan dapre anons ofisyèl 2 peyi yo fè tankou bay imigran ki retounen yo vaksen kont COVID-19 la epi pwoteje yon kategori moun otorite yo kwè ki vilnerab.
Imigran yo ap gen pou reponn kesyon si wi ou non yo gen krent pèsekisyon ou byen tòti si yo retounen o Meksik avan yo enskri nan pwogram nan san bliye aksè ak yon avoka.
Militan k ap defann imigran yo di pwogram MPP a ekspoze imigran yo pou fè fas ak vyolans ak kidnaping nan vil fwontalyè yo.
Direktè jeneral biwo ministè afè etranjè Meksik pou Amerik di Nò Robert Velasco deklare gouvènman Meksiken an pap retounen nan peyi dorijin yo sèten imigran pandan imigrasyon ameriken ap analize demand yo azil yo. Nou pa atann nou ap gen gran kantite imigran k ap debake sou fwontyè a pou fè demand azil yo e yo kapab pa sibi menm sò ak imigran otorite ameriken yo te ekspilse baze sou atik 42 lwa sanitè a.
Ajans Nasyonzini pou refijye yo mande yon fen nan pwogram nan akoz li mete a risk lavi moun k ap chache azil epi afekte dwa imigran yo genyen devan la lwa.
Relansman pwogram MPP a, ki kòmanse lendi 6 desanm nan ajoute konfizyon sou politik migrasyon ki an plas sou fwontyè Etazini/ Meksik la kote kantite moun otorite yo arete touche yon chif rekò 1.7 milyon moun pou ane fiskal 2021 an ki fini an septanm. Otorite ameriken yo ekspilse prèske 2tyè pami imgran sa yo pandan ane fiskal la.