Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, prezante kabinè li mèkredi 24 novanm 2021 an, plis pase 4 mwa apre li te monte nan tèt gouvènman an apre asasina Prezidan Jovenel Moise.
M. Henry pibliye nominasyon yo nan moman Ayiti ap eseye jere yon ranfòsman fenomèn ensekirite a, zak kidnaping ak yon rate gaz, mete sou yon blokaj tèminal petwòl yo ki, daprè anpil sektè, se aksyon kèk gang pwisan.
Men lis nouvo minis yo:
Nesmy Manigat - Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl;
Rosemond Pradel - Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon;
Ricard Pierre - Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn;
Ariel Henry - Kilti ak Kominikasyon;
Berto Dorcé - Jistis ak Sekirite Piblik
Alex Lasène - Sante Piblik ak Popilasyon
Odney Pierre Ricot - Afè Sosyal ak Travay
Raymonde Rival - Spò, Jenès ak Aksyon Sivik
Jean Victor Généus - Afè Etranjè