Sitiyasyon an nan Peyi Venezuela kontinye pwovoke reyaksyon nan divès kapital mondyal ak fowòm entènasyonal.
Prezidan Komisyon l’ONU sou Dwazumen an e ansyen prezidant Peyi Chili, Michelle Bachelet, lanse apèl pou l mande negosyasyon pou demele tansyon politik k ap monte nan Venezuela a; paske, dapre li, “Se yon sitiyasyon ki kapab vin tèlman konplike, moun pa p ka kontwole li e sa ka gen konsekans katastwofik.” Madam Bachelet mande tou yon ankèt endepandan sou zak vyolans ki te dewoule pandan 8 jou ki pase yo nan manifestasyon anti-gouvènmantal kote 20 moun pèdi lavi yo epi gen plis pase 350 lòt ki ale nan prizon.
Sou dosye Venezuela a toujou, Lèzetazini mande yon sesyon Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an pou samdi 26 janvye 2019 la kote Sekretè Deta Mike Pompeo gen pou l pran lapawol. Depatman Deta anonse chèf diplomasi amerikèn nan pral ensiste “sou apui administrasyon amerikèn nan pou pèp venezuelyen an”. Pou Misye Pompeo fè sa, li pral ankouraje manm Konsèy Sekirite a rekonèt Prezidan Asanble Nasyonal Venezuela a, Juan Guaido, kòm Prezidan Pwovizwa.
Sepandan, Larisi di li pa dakò ak mouvman sa a. Jedi 24 janvye a, lè ajans nouvèl Reuters te poze anbasadè Larusi a nan l’ONU, Vassily Ne-Benn-Zia, kesyon sou sesyon dijans sa a nan Konsèy Sekirite a, diplomat la te reponn: “Sa k ap pase o Venezuela a se biznis prive Venezuelyen yo.”
Yon denye nòt sou dosye a: Depatman Deta ameriken an pase lòd pou manm pèsonèl anbasad Lèzetazini an o Venezuela ki pa esansyèl, kite peyi a; men li pa p fèmen misyon diplomatik la nan Karakas. Depatman an presize li pran desizyon sa a pou rezon sekirite e sitwayen ameriken k ap viv o Vevezuela a dwe anvizaje seryesman posiblite pou yo kite peyi a.