Accessibility links

Breaking News

LONU Louvri yon Sesyon Dijans Ekstraodinè Lendi sou Ikrèn


Vasily Nebenzya, Reprezantan Pemanan La Risi nan Nasyonzini pale pandan yon rakont dijans Asanble Jeneral Nasyonzini an, Lendi 28 Fevriye 2022.
Vasily Nebenzya, Reprezantan Pemanan La Risi nan Nasyonzini pale pandan yon rakont dijans Asanble Jeneral Nasyonzini an, Lendi 28 Fevriye 2022.

Asanble Jeneral Nasyonzini an louvri yon sesyon dijans ekstraodinè Lendi kote yap diskite sou sityasyon Ikrèn nan.

Prezidan asanble a, Abdulla Shahid mande anvwaye 193 pei manm LONU yo pou yo kanpe pou yon moman silans nan komansman sesyon an, ki se premye rankont dijans asanble a fè depi plizyè dizèn lane.

Pandansetan, Konsèy Sekirite LONU an te gen pou'l rankontre pi ta Lendi pou diskite sou kriz imanitè a nan Ikrèn kap vinn pi grav.

Responsab Ris ak Ikrèn yo ap fè chita tande sou frontyè Belarisia. Sekretè Jeneral LONU an, Antonio Guterres di asanble li espere diskisyon sa yo va debouche sou yon finisman nan batay yo.

"Se zam kap pale kounyea, men chimen diyalog la dwe rete ouvè," Guterres deklare. "Nou bezwen lapè kounyea."

XS
SM
MD
LG