Accessibility links

Breaking News

Lachin Fete "Ane Lapen an" Apre li Elimine Pi Fò Restriksyon COVID yo


Moun ki gen mask nan figi yo suiv pandan yon timoun poze pou yon foto anba yon dekorasyon flè ki gen fom yon lapen pou fete joudlan Lalin nan nan vil Peken.
Moun ki gen mask nan figi yo suiv pandan yon timoun poze pou yon foto anba yon dekorasyon flè ki gen fom yon lapen pou fete joudlan Lalin nan nan vil Peken.

Moun toupatou nan Lachin fete Dimanch, nouvo ane Lalin nan ki se "Ane Lapen an" ane sa a, ak gwo reyinyon familyal. Gwo foul moun tal vizite tanp yo apre gouvènman an te leve restriksyon sevè "zewo COVID" li a.

Sete pi gwo selebrasyon ki dewoule nan Lachin depi pandemi a te kòmanse sa gen 3 zan.

Apre gouvènman an fin leve pi fò restriksyon COVID-19 ki te lakoz moun te oblije rete fèmen lakay yo, moun te pwofite pou yo vwayaje nan vil natal yo pou wè fanmi yo.

Te gen plizyè gwo evenman piblik tou.

Yon dam ki gen yon mask nan figi li lapriyè nan tanp Wong Tai Sin nan Samdi, 21 Janvye 2023 pou fete joudlan Lalin nan nan Hong Kong.
Yon dam ki gen yon mask nan figi li lapriyè nan tanp Wong Tai Sin nan Samdi, 21 Janvye 2023 pou fete joudlan Lalin nan nan Hong Kong.

Prensipal epidemiyolojis Sant Kontwòl Maladi Lachin nan di mouvman masiv moun pa gen anpil chans pou'l koze yon lòt epidemi COVID paske 80% popilasyon an deja enfekte.

Sant la rapòte 126,000 lanmò akoz COVID ant 13 Janvye ak 19 Janvye. Nan mwad Desanm nan gen 60,000 moun ki te mouri akoz kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG