Accessibility links

Breaking News

Lachin Di Etazini ap Pwopaje Dezenfòmasyon, Siprime TikTok


Foto Achiv: Logo TikTok la sou yon telefon entelijan.
Foto Achiv: Logo TikTok la sou yon telefon entelijan.

Lachin akize Etazini dèzenfòmasyon epi siprime TikTok. Li fè deklarasyon sa a apre admnistrasyon Biden nan lanse apèl pou pwopriyetè Chinwa applikasyon an vann aksyon yo nan app popilè a.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranje Wang Wenbin deklare Etazini poko prezante oken prèv ke TikTok menase sekirite nasyonal li.

Wang di jounalis yo pandan yon rankont Jedi ke Etazini ap sèvi ak koze sekirite done yo kòm preteks pou abize pouvwa li epi siprime konpayi etranje.

TikTok pa tèlman okipe yon atik jounal Wall Street Journal pibliye Mèkredi kote li fè konnen Komisyon Depatman Trezò Etazini kap travay sou Envestisman Etranje menase pou enpoze yon entèdiksyon kont app la si ByteDance Ltd. ki se konpayi Chinwa ki se pwopriyetè applikasyon an pa vann aksyon li yo.

XS
SM
MD
LG