Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Deklare Nouvo Soumaren li Kapab Lanse Zam Nikleyè


Nan foto sa a ke gouvenman No Koreyen an pataje ak lapres, Lide Kim Jong Un (dezyem a goch) gade nouvo soumaren d atak nikleye "Ewo Kim Kun Ok", 6 Sept. 2023.
Nan foto sa a ke gouvenman No Koreyen an pataje ak lapres, Lide Kim Jong Un (dezyem a goch) gade nouvo soumaren d atak nikleye "Ewo Kim Kun Ok", 6 Sept. 2023.

Kore di Nò di nouvo soumaren li an gen kapasite pou l lanse zam nikleyè. Pyongyang pase plizyè zane ap devlope soumaren sa a.

Lidè Kim Jong Un dekri etap la kòm "esansyèl" nan kad jefò lap fè pou l ogmante kapasite nikleyè fòs naval li a pou li ka kontre Etazini ak alye li yo nan rejyon Azi a.

Ajans nouvèl ofisyèl Kore di Nò a di soumaren an ki rele "Ewo Kim Kun Ok" gen kòm bi pou lanse zam nikleyè taktikal anba dlo.

Ajans la pa presize ki kantit emisil li ka pote epi lanse.

Nan mwad Jiyè a, Etazini te akoste yon soumaren nikleyè ki gen kapasite pou l lanse misil balistik nan Kore di Sid, pou premye fwa depi ane 1980 yo.

XS
SM
MD
LG