Anvwaye espesyal Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae in rankontre avek lidè Nò koreyen an Kim Jong Un lendi 5 mas 2018 la.
Nouvèl yo rapòte Misye Kim te fè yon dine pou resevwa sid koreyen yo. Delegasyon Kore di Sid la, ki gen 10 manb, gen nan tèt li Chung Eui-Yong ki se pi gwo konseye sekirite nasyonal Prezidan Moon.
Delegasyon sa a te transmèt mesaj Prezidan Moon ki fè konnen sousi li genyen sou deniklearizasyon ak yon lapè pèmanan sou penensil Koreyen an.
Chung di li pral pouse pou plis dialog an profondè pou yo ka jwen mwayen pou ede dialòg yo rekòmanse ant Pyongyang ak Washington.